1 Kings 12:16 — Compare Translations
2 translations compared side by side
Haitian BSA (Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen) 2023
Lè tout Israël te wè ke wa a pa t koute yo, pèp la te reponn wa a e te di: “Ki pati nou gen nan David? Nanpwen eritaj nan fis Jesse a; Rive nan tant ou yo O Israël! Soti koulye a! Konsa, David, okipe pwòp lakay ou!” Konsa Israël te pati rive nan tant pa yo.
Hatian (1998 Haïtienne)
¶ Lè pèp Izrayèl la wè wa a pa t' soti pou li fè sa yo te mande l' la, yo reponn wa a. Yo di li: -Nou pa gen anyen pou nou wè ak David. Nou pa bezwen anyen nan zafè pitit Izayi a. Ann al lakay nou, nou menm moun peyi Izrayèl yo! Ann kite pitit David yo degaje yo pou kont yo ak fanmi yo! Se konsa moun pèp Izrayèl yo vire do al lakay yo.