1 Samuel 14:36 — Compare Translations

2 translations compared side by side

Haitian BSA (Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen) 2023
Epi Saül te di: “Annou desann dèyè Filisten yo lannwit lan, pran piyaj pami yo jis li fè klè nan maten e annou pa kite youn nan mesye yo vivan.” Epi yo te di: “Fè nenpòt sa ki sanble bon pou ou menm.” Konsa, prèt la te di: “Annou apwoche de Bondye isit la.”
Hatian (1998 Haïtienne)
¶ Sayil di moun yo: -Ann desann dèyè moun Filisti yo. Ann pase nwit lan ap bat yo, n'a piye yo jouk bajou kase, n'a touye yo tout. Yo reponn li: -Fè sa ou wè ki bon! Men, prèt la di: -Ann gade sa Seyè a di nou sou sa!