2 Chronicles 5:13 — Compare Translations
2 translations compared side by side
Haitian BSA (Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen) 2023
ansanm lè mesye twonpèt yo avèk chantè yo te gen pou fè son yo tande ansanm tankou yon sèl vwa pou lwanj avèk glwa SENYÈ a, lè yo te leve vwa yo akonpanye pa twonpèt avèk senbal ak enstriman mizik yo, lè yo te louwe SENYÈ a e te di: “Paske Li bon, lanmou dous Li a dire pou tout tan!” Konsa, lakay SENYÈ a te ranpli avèk yon nwaj,
Hatian (1998 Haïtienne)
Lè tout moun sa yo mete ansanm pou yo pran kònen twonpèt, pou yo chante fè lwanj Bondye, pou di li mèsi, nan mitan bèl mizik yo t'ap jwe nan twonpèt ak senbal ak lòt enstriman mizik yo, ou tande vwa moun yo ki t'ap chante: Lwanj pou Seyè a, paske li bon! Li p'ap janm sispann renmen nou! Lè sa a, nwaj la plen Tanp Seyè a nèt.