2 Kings 10:15 — Compare Translations
2 translations compared side by side
Haitian BSA (Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen) 2023
Alò, lè li te kite la, li te rankontre Jonadab, fis a Récab ki te vin rankontre li a. Li te salye li, e te di li: “Èske kè ou bon, jan kè m avèk kè ou a?” Jonadab te reponn: “Li konsa.” Jéhu te di: “Si li konsa, ban mwen men ou.” Epi li te pran li fè l monte nan cha li a.
Hatian (1998 Haïtienne)
¶ Jeou pati ankò. Sou wout li, li kontre ak Jonadab, pitit gason Rekab la, ki t'ap mache vin jwenn li. Jeou di l' bonjou, epi li di l' konsa: --Ou gen menm lide avè m'? Eske w'ap mache avè m'? Jonadab reponn: --Wi, m'ap mache avè ou. Jeou di li: --Si nou dakò, ban m' lanmen. Jonadab ak Jeou bay lanmen. Jeou ede l' moute sou cha lagè a bò kote l'.