2 Kings 23:35 — Compare Translations

2 translations compared side by side

Haitian BSA (Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen) 2023
Konsa, Jojakim te bay ajan avèk lò a Farawon, men li te egzije kontribisyon sou peyi a pou l ta kab bay lajan lè Farawon te mande li. Li te egzije ajan avèk lò a soti nan pèp peyi a, chak moun selon kalkil valè pa li, pou vèse bay a Farawon Néco.
Hatian (1998 Haïtienne)
Jojakim bay farawon Neko tout ajan ak tout lò li te mande a. Pou l' te ka jwenn yo, li te fè chak moun nan peyi a bay dapre sa yo genyen. Se konsa li te fòse pèp la bay ajan ak lò farawon Neko te mande a.