2 Kings 24:16 — Compare Translations

2 translations compared side by side

Haitian BSA (Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen) 2023
Tout mesye gwo kouraj ak pwisans yo, sèt-mil, mèt ouvriye yo, mil, tout te plen avèk fòs e pare pou fè lagè. Tout sila yo, wa Babylone nan te mennen an egzil Babylone.
Hatian (1998 Haïtienne)
Wa peyi Babilòn lan te depòte antou sètmil (7.000) prizonye nan peyi Babilòn, ansanm ak mil atizan ak bòs fòjon san konte vanyan gason ki te ka fè lagè.