Genesis 26:7 — Compare Translations
2 translations compared side by side
Haitian BSA (Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen) 2023
Lè mesye yo nan plas la te mande li de madanm li, li te di: “ Li se sè mwen,” paske li te pè pou di “madanm mwen” akoz li te panse: “mesye yo nan zòn sa a ta kapab touye mwen pou Rebecca, paske li bèl.”
Hatian (1998 Haïtienne)
Lè mesye ki te rete nan peyi a mande l' kisa madanm li ye pou li, li reponn yo se sè l' li ye, paske li te pè di se madanm li Rebeka te ye pou mesye yo pa t' touye l' pou yo te ka pran Rebeka ki te bèl anpil.