Jeremiah 2:31 — Compare Translations

2 translations compared side by side

Haitian BSA (Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen) 2023
O jenerasyon, koute byen a pawòl SENYÈ a. Èske Mwen te yon dezè pou Israël, oswa yon peyi fènwa byen pwès? Poukisa pèp Mwen an di: ‘Nou lib pou nou gaye toupatou. Nou p ap vin kote Ou ankò?’
Hatian (1998 Haïtienne)
(Nou menm k'ap viv koulye a, koute byen sa Seyè a ap di a.) Pèp Izrayèl, èske mwen te tankou yon dezè pou nou, tankou yon kote ki fènwa anpil? Poukisa atò pou nou di: -Nou granmoun tèt nou, nou p'ap janm tounen vin jwenn ou ankò! Eske yon jenn fi ka bliye bijou li yo? Eske yon lamarye ka bliye rad nòs li? Men, pèp mwen an bliye m', m' pa ka konte depi kilè.