bible
ra
🌐 Language
English
Español
Français
Deutsch
Português
Italiano
Nederlands
Русский
中文
日本語
한국어
العربية
Türkçe
Tiếng Việt
ไทย
Indonesia
All Languages
Home
/
Haitian
/
Haitian BSA (Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen) 2023
/
2 Chronicles 3
2 Chronicles 3
Haitian BSA (Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen) 2023
← Chapter 2
Jump to:
Chapter 1
Chapter 2
Chapter 3
Chapter 4
Chapter 5
Chapter 6
Chapter 7
Chapter 8
Chapter 9
Chapter 10
Chapter 11
Chapter 12
Chapter 13
Chapter 14
Chapter 15
Chapter 16
Chapter 17
Chapter 18
Chapter 19
Chapter 20
Chapter 21
Chapter 22
Chapter 23
Chapter 24
Chapter 25
Chapter 26
Chapter 27
Chapter 28
Chapter 29
Chapter 30
Chapter 31
Chapter 32
Chapter 33
Chapter 34
Chapter 35
Chapter 36
Chapter 4 →
1
Alò, Salomon te kòmanse bati lakay SENYÈ a Jérusalem sou Mòn Moriah, kote SENYÈ a te parèt a papa li a, David, nan plas ke David te prepare sou glasi vannen ki te pou Ornan, Jebizyen an.
2
Li te kòmanse bati nan dezyèm jou, nan dezyèm mwa nan katriyèm ane règn pa li a.
3
Alò, sila yo se fondasyon ke Salomon te poze pou konstriksyon kay Bondye a. Longè a an koude, selon mezi ansyen an te swasant koude e lajè a te ven koude.
4
Galri ki te devan kay la te menm longè avèk lajè kay la, ven koude e wotè a san-ven. Pa anndan li te kouvri kay la avèk yon kouch lò pi.
5
Li te kouvri gran chanm nan avèk bwa sipre. Li te fè kouvri li ak lò fen e te dekore li avèk pye palmis avèk chenn.
6
Anplis, li te dekore kay la avèk pyè presye. Lò a te lò sòti Parvaïm.
7
Anplis, li te kouvri kay la avèk yon kouch lò—travès yo, chanbrann yo, mi li yo, avèk pòtay li yo, epi li te grave cheriben yo sou mi yo.
8
Alò, li te fè chanm ki pi sen pase tout lòt yo. Longè li ki te travèse lajè kay la, te ven koude, e lajè li te ven koude. Li te kouvri li avèk lò fen, ki te rive jis nan sis-san talan lò.
9
Pwa a klou yo te senkant sik an lò. Anplis, li te kouvri chanm anlè yo avèk lò.
10
Li te fè de cheriben skilpte nan chanm ki sen pase tout lòt yo a e li te kouvri yo avèk lò.
11
Distans zèl ouvri pou de cheriben yo te ven koude. Zèl a youn te fè senk koude pou touche mi kay la e lòt zèl la senk koude te touche pwent zèl a lòt cheriben an.
12
Zèl a lòt cheriben an, a senk koude, te touche mi kay la, epi lòt zèl senk koude a te tache a zèl premye cheriben an.
13
Zèl a cheriben sila yo te lonje pou ven koude, e yo te kanpe sou pye yo avèk fas yo vè gran chanm nan.
14
Li te fè vwal la avèk len vyolèt, mov, wouj, e li te fè desen cheriben yo sou li.
15
Anplis, li te fè de pilye pou devan kay la, trann-senk koude nan wotè e tèt anlè a sou chak te senk koude.
16
Li te fè chenn nan sanktyè enteryè a. Li te plase yo sou tèt pilye yo. Li te fè san grenad e te mete yo sou chenn yo.
17
Li te leve pilye yo pa devan tanp lan, youn adwat e lòt la agoch, epi li te rele sila adwat la Jakin e sila agoch la Boaz.
← Chapter 2
Jump to:
Chapter 1
Chapter 2
Chapter 3
Chapter 4
Chapter 5
Chapter 6
Chapter 7
Chapter 8
Chapter 9
Chapter 10
Chapter 11
Chapter 12
Chapter 13
Chapter 14
Chapter 15
Chapter 16
Chapter 17
Chapter 18
Chapter 19
Chapter 20
Chapter 21
Chapter 22
Chapter 23
Chapter 24
Chapter 25
Chapter 26
Chapter 27
Chapter 28
Chapter 29
Chapter 30
Chapter 31
Chapter 32
Chapter 33
Chapter 34
Chapter 35
Chapter 36
Chapter 4 →
All chapters:
1
2
3
4
5
6
7
8
9
10
11
12
13
14
15
16
17
18
19
20
21
22
23
24
25
26
27
28
29
30
31
32
33
34
35
36