bible
ra
🌐 Language
English
Español
Français
Deutsch
Português
Italiano
Nederlands
Русский
中文
日本語
한국어
العربية
Türkçe
Tiếng Việt
ไทย
Indonesia
All Languages
Home
/
Haitian
/
Haitian BSA (Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen) 2023
/
Ecclesiastes 10
Ecclesiastes 10
Haitian BSA (Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen) 2023
← Chapter 9
Jump to:
Chapter 1
Chapter 2
Chapter 3
Chapter 4
Chapter 5
Chapter 6
Chapter 7
Chapter 8
Chapter 9
Chapter 10
Chapter 11
Chapter 12
Chapter 11 →
1
Mouch mouri bay lwil pafen yon move odè; Se konsa yon ti kras foli gen pouvwa pou depase sajès ak respè.
2
Kè a yon moun saj mennen li adwat, men kè a moun san konprann nan mennen l agoch.
3
Menm lè ensanse a mache nan lari li manke bon tèt. Li montre tout moun ke se moun fou li ye.
4
Si kòlè a wa a vin monte kont ou, pa abandone pozisyon ou; paske rete kalm ka evite gwo ofans.
5
Gen yon mal mwen konn wè anba solèy la, tankou yon fot ki sòti nan sila k ap gouvène a——
6
Foli plase nan anpil kote byen wo pandan rich yo chita kote ki ba.
7
Mwen konn wè esklav ki monte sou cheval ak prens k ap mache atè tankou esklav.
8
Sila ki fouye fè yon twou ka byen tonbe ladann, e yon sèpan ka mòde gèrye a ki kraze yon miray.
9
Sila ki taye wòch yo ka blese ladann, e sila ki fann gwo bout bwa a kapab an danje.
10
Si rach la pa gen tay, e li pa file pwent li; alò, li va egzije plis fòs. Avantaj a sajès se reyisi!
11
Si sèpan an mòde avan li vin chame, nanpwen pwofi.
12
Pawòl ki soti nan bouch sila ki saj la plen ak gras, men pawòl a moun ensanse a fin manje l nèt;
13
Kòmansman diskou ensanse a se foli, e fen diskou li se plen mechanste ak betiz.
14
Malgre tout sa, moun ensanse a ogmante pawòl li yo. Pèsòn pa konnen sa ki va rive, e kilès kab di li sa ki va rive apre li.
15
Zèv a moun ensanse a tèlman fatige l, ke li pa konnen kijan pou li rive nan vil la.
16
Malè a ou menm, O peyi ki gen jenn ti gason kon wa; ak prens yo k ap fè fèt granmaten.
17
Beni se ou menm, O peyi ki gen yon fis byen prepare kon wa a ak prens ki manje nan pwòp lè yo, pou bay fòs, e non pou fè banbòch vin sou.
18
Akoz parès ak neglijans, twati a vin pann, e nan enpridans kay la vin koule.
19
Yon gwo tab manje fèt pou yo rejwi yo, diven pou fè kè kontan; epi lajan se repons pou tout bagay.
20
Anplis, nan chanm a kouche ou, pa bay wa a madichon; e nan chanm a kouche ou, pa bay yon moun rich madichon. Paske yon zwazo syèl la ka pote bri a, e sa ki gen zèl yo ka fè yo konnen bagay la.
← Chapter 9
Jump to:
Chapter 1
Chapter 2
Chapter 3
Chapter 4
Chapter 5
Chapter 6
Chapter 7
Chapter 8
Chapter 9
Chapter 10
Chapter 11
Chapter 12
Chapter 11 →
All chapters:
1
2
3
4
5
6
7
8
9
10
11
12