bible
ra
🌐 Language
English
Español
Français
Deutsch
Português
Italiano
Nederlands
Русский
中文
日本語
한국어
العربية
Türkçe
Tiếng Việt
ไทย
Indonesia
All Languages
Home
/
Haitian
/
Haitian BSA (Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen) 2023
/
Jonah 1
Jonah 1
Haitian BSA (Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen) 2023
Jump to:
Chapter 1
Chapter 2
Chapter 3
Chapter 4
Chapter 2 →
1
Pawòl SENYÈ a te vini a Jonas, fis a Amitthaï a. Li te di:
2
“Leve, ale Ninive, gran vil la, e kriye kont li, paske mechanste yo monte devan Mwen.”
3
Men Jonas te leve al kache Tarsis pou kite prezans SENYÈ a. Konsa, li te desann Joppa, e li te jwenn yon bato ki t ap prale Tarsis. Li te peye frè a, e te desann ladann pou ale avèk yo Tarsis pou l envite prezans SENYÈ a.
4
Men SENYÈ a te lanse yon gwo van sou lanmè a. Te gen yon gwo tanpèt sou lanmè a jiskaske bato a te prèt pou kraze nèt.
5
Answit, ouvriye bato yo te vin pè e yo chak te kriye a pwòp dye pa yo. Yo te vide chaj ki te nan bato a nan lanmè a pou te fè l pi lejè. Men Jonas te ale anba nan fon bato a, epi kote li te kouche a, li te tonbe dòmi.
6
Konsa, kapitèn bato a te pwoche li e te di: “Kòman fè w ap dòmi an? Leve rele dye pa ou a. Petèt dye ou a va fè pa nou pou nou pa peri.”
7
Chak mesye yo te di a konparèy yo: “Vini, annou fè tiraj osò pou nou ka konprann sou kont kilès gwo malè sa a rive nou an.” Yo te fè tiraj osò a, e sò a te tonbe sou Jonas.
8
Konsa yo te di li: “Pale nou koulye a! Sou kont a kilès malè sa a rive nou an? Ki metye ou? Epi ki kote ou sòti? Ki peyi ou? Nan ki pèp ou sòti?”
9
Li te di yo: “Mwen se yon Ebre, e mwen gen lakrent pou SENYÈ Bondye syèl la, ki te fè lanmè a ak tè sèch la.”
10
Pou sa a, mesye yo te vin pè anpil e yo te di li: “Kisa ou te fè la?” Paske mesye yo te deja konprann ke li t ap sove ale sòti kite prezans a SENYÈ a, akoz sa li te di yo.
11
Konsa, yo te di l: “Kisa pou nou ta fè ou pou lanmè a vin kalm pou nou?” Paske lanmè a t ap vin pi move plis toujou.
12
Li te di yo: “Leve mwen, jete m nan lanmè a. Konsa, lanmè va vin kalm pou nou; paske mwen konnen ke se akoz mwen menm ke gwo tanpèt sa a rive sou nou.”
13
Sepandan, mesye yo te bouje zaviwon yo fò pou yo ta ka rive atè, men yo pa t kapab, paske lanmè te vin pi move kont yo.
14
Pou sa a, yo te rele SENYÈ a e te di: “O SENYÈ, pa kite nou peri sou kont a nonm sila a, ni pa mete san inosan sou nou; paske Ou menm, O SENYÈ, Ou fè sa ki fè Ou plezi.”
15
Konsa, yo te leve Jonas, yo te voye li nan lanmè a, e lanmè te vin sispann anraje.
16
Epi mesye yo te vin krent SENYÈ a anpil. Yo te ofri yon sakrifis a SENYÈ a e te fè ve yo a Li menm.
17
Epi SENYÈ a te chwazi yon gwo pwason pou vale Jonas, e Jonas te nan vant pwason a pandan twa jou ak twa nwit.
Jump to:
Chapter 1
Chapter 2
Chapter 3
Chapter 4
Chapter 2 →
All chapters:
1
2
3
4