bible
ra
🌐 Language
English
Español
Français
Deutsch
Português
Italiano
Nederlands
Русский
中文
日本語
한국어
العربية
Türkçe
Tiếng Việt
ไทย
Indonesia
All Languages
Home
/
Haitian
/
Haitian BSA (Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen) 2023
/
Judges 15
Judges 15
Haitian BSA (Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen) 2023
← Chapter 14
Jump to:
Chapter 1
Chapter 2
Chapter 3
Chapter 4
Chapter 5
Chapter 6
Chapter 7
Chapter 8
Chapter 9
Chapter 10
Chapter 11
Chapter 12
Chapter 13
Chapter 14
Chapter 15
Chapter 16
Chapter 17
Chapter 18
Chapter 19
Chapter 20
Chapter 21
Chapter 16 →
1
Men pita, pandan rekòlt ble a, Samson te vizite madanm li avèk yon jenn kabrit. Li te di: “Mwen va antre vè madanm mwen nan chanm li.” Men papa li pa t kite li antre.
2
Papa li te di li: “Mwen te konnen ke ou te tèlman rayi li; epi pou sa, mwen te bay li a zanmi ou an. Èske pi jenn sè li a pa pi bèl pase li? Souple, kite li vin pou ou nan plas li.”
3
Samson te di a yo: “Fwa sa a, mwen p ap gen tò anvè Filisten yo lè m fè yo mal.”
4
Samson te ale kenbe twa-san rena. Li te pran tòch yo, e te vire yo mare ke a ke, e li te mete yon tòch nan mitan chak de ke yo.
5
Lè l te fin limen tòch yo, li te lage rena yo nan chan sereyal Filisten yo, e te brile pakèt sereyal yo ak ble, ansanm avèk chan rezen avèk lòt chan bwa fwi.
6
Konsa, Filisten yo te di: “Kilès ki te fè sa?” Yo te reponn: “Samson, bofi a Timnyen an, akoz li te pran madanm li pou te bay li a konpanyen li.” Pou sa, Filisten yo te monte e te brile ni madanm nan, ni papa li avèk dife.
7
Samson te di yo: “Akoz n ap aji konsa, mwen va vrèman pran vanjans sou nou, men apre sa, m ap sispann.”
8
Li te frape yo byen di avèk yon gwo masak; epi li te desann pou te viv nan krevas wòch la nan Étam.
9
Alò, Filisten yo te monte fè kan nan Juda e te vin gaye nan Léchi.
10
Mesye Juda yo te di: “Poukisa nou vin monte kont nou?” Yo te di: “Nou te monte pou mare Samson dekwa ke nou kab fè l menm bagay ke li te fè nou an.”
11
Epi twa-mil lòm Juda te desann vè krevas wòch la nan Étam, e yo te di Samson: “Èske ou pa konnen ke Filisten yo gen tout fòs sou nou? Poukisa, konsa, ou vin fè nou sa?” Epi li te di yo: “Menm jan yo te fè m nan, se konsa mwen te fè yo.”
12
Yo te di li: “Nou te vin isit la pou mare ou pou nou kapab livre ou nan men Filisten yo.” Epi Samson te di yo: “Sèmante a mwen ke nou p ap touye mwen.”
13
Yo te di li: “Non, men nou va mare ou nèt e livre ou nan men yo; men anverite, nou p ap touye ou.” Yo te mare li avèk de kòd nèf e te mennen li monte soti nan wòch la.
14
Lè li te rive nan Léchi, Filisten yo te rele fò pandan yo t ap rankontre li. Epi Lespri SENYÈ a te vini sou li avèk pouvwa, jiskaske kòd sou bwa li yo te vin tankou pay len ki brile ak dife e kòd yo te tonbe sòti nan men li.
15
Li te twouve yon zo a machwè bourik fre. Konsa, li te lonje pran l e li te touye mil lòm avèk li.
16
Alò, Samson te di: “Avèk machwè a yon bourik, pil sou pil; avèk machwè a yon bourik, mwen te touye yon milye moun.”
17
Lè l te fin pale, li te jete machwè a sòti nan men l; epi plas sa a te rele Ramath-Léchi.
18
Alò, li te vin swaf. Li te rele a SENYÈ a e li te di: “Ou te bay delivrans pa men sèvitè Ou e, koulye a, mwen va mouri ak swaf e tonbe nan men a ensikonsi yo?”
19
Men Bondye te fann kote vid ki nan Léchi a, e dlo te sòti ladann. Lè li te bwè, fòs li te retounen e li te reprann fòs. Pou sa, li te rele kote sa a En-Hakkoré, ki nan Léchi jis rive jodi a.
20
Epi li te jije Israël pandan ventan nan jou a Filisten yo.
← Chapter 14
Jump to:
Chapter 1
Chapter 2
Chapter 3
Chapter 4
Chapter 5
Chapter 6
Chapter 7
Chapter 8
Chapter 9
Chapter 10
Chapter 11
Chapter 12
Chapter 13
Chapter 14
Chapter 15
Chapter 16
Chapter 17
Chapter 18
Chapter 19
Chapter 20
Chapter 21
Chapter 16 →
All chapters:
1
2
3
4
5
6
7
8
9
10
11
12
13
14
15
16
17
18
19
20
21