bible
ra
🌐 Language
English
Español
Français
Deutsch
Português
Italiano
Nederlands
Русский
中文
日本語
한국어
العربية
Türkçe
Tiếng Việt
ไทย
Indonesia
All Languages
Home
/
Haitian
/
Haitian BSA (Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen) 2023
/
Micah 3
Micah 3
Haitian BSA (Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen) 2023
← Chapter 2
Jump to:
Chapter 1
Chapter 2
Chapter 3
Chapter 4
Chapter 5
Chapter 6
Chapter 7
Chapter 4 →
1
Konsa, mwen te di: “Koute koulye a, chèf a Jacob yo ak sila k ap gouvène lakay Israël yo. Èske nou pa dwe konnen lajistis?
2
Nou menm ki rayi sa ki bon, e ki renmen sa ki mal; ki chire po yo sou kò yo, ak chè yo soti sou zo yo;
3
k ap anplis manje chè pèp Mwen an, chire po yo sou yo, kraze zo yo e koupe yo an mòso, tankou se pou mete nan chodyè, tankou vyann nan bonm nan.
4
Konsa, yo va kriye fò a SENYÈ a, men Li p ap reponn yo. Olye de sa, nan lè sa a, Li va kache figi li a yo menm, akoz yo te pratike zak ki mechan.”
5
Konsa pale SENYÈ a konsènan pwofèt ki te mennen pèp mwen an nan erè yo. Lè yo bay yo kèk bagay pou mòde ak dan yo, yo kriye: “Lapè”! men kont sila ki pa mete anyen nan bouch yo, yo deklare lagè.
6
Akoz sa, li fènwa sou nou—san vizyon e fènwa pou nou—san apèsi davni. Solèy la va kouche sou pwofèt yo, e lajounen va vin fènwa sou yo.
7
Vwayan yo va wont e divinò yo va nan konfizyon. Anverite, yo tout va kouvri bouch yo akoz Bondye pa reponn.
8
Men kanta mwen menm, mwen ranpli ak pouvwa pa Lespri SENYÈ a, ak jistis ak kouraj Li, pou fè Jacob konnen zak rebelyon li an; menm a Israël, peche pa l la.
9
Alò, tande sa, chèf lakay Jacob yo, ak sila k ap gouvène lakay Israël yo, ki rayi jistis, e ki vire tòde tout sa ki dwat,
10
Ki bati Sion ak san koule, e Jérusalem ak vyolans e enjistis.
11
Chèf li yo fè jijman pou jwenn sa ki glise anba tab, e prèt li yo enstwi pou kòb, pandan pwofèt li yo ap pwofetize pou lajan. Malgre sa, yo apiye sou SENYÈ a. Yo di: “Se pa SENYÈ a ki nan mitan nou? Okenn malè p ap rive sou nou.”
12
Konsa, akoz nou menm, Sion va vin raboure tankou yon chan, e Jérusalem va vin yon pil mazi, e mòn tanp lan va devni tankou wo plas yo nan forè a.
← Chapter 2
Jump to:
Chapter 1
Chapter 2
Chapter 3
Chapter 4
Chapter 5
Chapter 6
Chapter 7
Chapter 4 →
All chapters:
1
2
3
4
5
6
7