bible
ra
🌐 Language
English
Español
Français
Deutsch
Português
Italiano
Nederlands
Русский
中文
日本語
한국어
العربية
Türkçe
Tiếng Việt
ไทย
Indonesia
All Languages
Home
/
Haitian
/
Haitian BSA (Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen) 2023
/
Philippians 2
Philippians 2
Haitian BSA (Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen) 2023
← Chapter 1
Jump to:
Chapter 1
Chapter 2
Chapter 3
Chapter 4
Chapter 3 →
1
Konsa, si gen ankourajman nan Kris, si gen konsolasyon nan lanmou, si gen amitye nan Lespri a, si gen afeksyon ak konpasyon,
2
fè lajwa mwen vin konplè. Rete nan menm panse a, kenbe menm lanmou an, ak menm linite nan lespri a, byen deside sou yon sèl bi.
3
Pa fè anyen nan egoyis oubyen ak vye dezi vanite, men avèk refleksyon ki enb gade youn lòt kòm pi enpòtan ke nou menm.
4
Pa sèlman chèche pwòp enterè pèsonèl pa nou, men osi enterè a lòt yo.
5
Se pou nou genyen santiman sila nan nou menm ki te osi nan Kris Jésus a
6
ki, malgre Li te egziste nan fòm Bondye pa t gade egalite li avèk Bondye yon choz pou L ta kenbe di,
7
men te vide tèt li, e te pran fòm a yon sèvitè-atache nèt, e te vin fèt nan imaj a lòm.
8
Kòmsi aparans Li te tankou yon moun, Li te bese tèt Li e te vin obeyisan jiska lanmò, menm lanmò sou yon kwa.
9
Akòz tout sa, Bondye te egzalte Li byen wo, e te bay Li non ki pi wo pase tout non yo,
10
pouke nan non a Jésus a tout jenou va bese, sila ki nan syèl, sou latè, ak anba tè yo
11
epi tout lang konfese ke Jésus Kri se Senyè a pou laglwa Bondye Papa a.
12
Konsa, byeneme mwen yo, menm jan ke nou te toujou obeyi, pa sèlman nan prezans mwen, menm koulye a plis toujou nan absans mwen fè travay sali nou an avèk lakrent ak tranbleman.
13
Paske se Bondye k ap travay nan nou, pou fòme volonte ak zèv nou yo, selon bon plezi Li.
14
Fè tout bagay san plenyen ni diskite.
15
Konsa nou va san fot e inosan, pitit a Bondye ki san repwòch nan mitan a yon jenerasyon kwochi e pèvèti. Pami yo, nou vin parèt kòm limyè nan mond lan,
16
k ap kenbe fèm a pawòl lavi a, pou nan jou a Kris la, mwen kapab gen rezon pou bay glwa, akoz ke m pa t kouri anven, ni travay anven.
17
Men menm si mwen vin vide nèt tankou yon bwason k ap ofri kòm sakrifis ak sèvis lafwa nou, mwen rejwi e mwen pataje lajwa m avèk nou tout.
18
Nou menm tou, mwen egzòte nou, rejwi menm jan an, e pataje lajwa nou avè m.
19
Men mwen espere nan Senyè a Jésus pou voye Timothée kote nou byen vit, pou m kapab ankouraje tou lè m aprann de kijan nou ye.
20
Paske m pa gen okenn lòt moun ak yon kè parèy a li menm, ki va vrèman konsène pou byen nou.
21
Paske yo tout chache pwòp enterè pa yo, e pa sila a Kris Jésus a.
22
Men nou konnen prèv valè li, ke li te sèvi avè m pou avansman levanjil la, kòm yon pitit k ap sèvi papa li.
23
Konsa, mwen espere voye li kote nou imedyatman, depi mwen wè kijan tout bagay ale avèk mwen.
24
Men mwen gen konfyans mwen nan Senyè a ke mwen menm osi va vini toutalè.
25
Men m te panse li te nesesè pou voye Épaphrodite, frè m nan, ouvriye ak sòlda parèy mwen, e osi mesaje pa nou e sèvitè pou sa ke m bezwen.
26
Paske li te trè anvi wè nou tout, e te twouble akoz ke nou te tande ke li te malad.
27
Paske vrèman, li te malad jis nan pwen pou l mouri, men Bondye te fè l gras, e pa li menm sèlman, men osi mwen menm, pou mwen pa ta vin genyen tristès sou tristès.
28
Konsa, mwen te voye l avèk plis enpasyans toujou, pou lè nou wè l ankò, nou kapab rejwi, e mwen kapab enkyete mwens pou nou menm.
29
Konsa, resevwa li nan Senyè a avèk tout lajwa, e kenbe an wo estim moun tankou li,
30
paske li te prèske mouri pou zèv a Kris la, e te riske vi li pou konplete sa ki te manke nan sèvis nou pou mwen menm.
← Chapter 1
Jump to:
Chapter 1
Chapter 2
Chapter 3
Chapter 4
Chapter 3 →
All chapters:
1
2
3
4