bible
ra
🌐 Language
English
Español
Français
Deutsch
Português
Italiano
Nederlands
Русский
中文
日本語
한국어
العربية
Türkçe
Tiếng Việt
ไทย
Indonesia
All Languages
Home
/
Haitian
/
Hatian VFK (Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil)
/
1 Corinthians 4
1 Corinthians 4
Hatian VFK (Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil)
← Chapter 3
Jump to:
Chapter 1
Chapter 2
Chapter 3
Chapter 4
Chapter 5
Chapter 6
Chapter 7
Chapter 8
Chapter 9
Chapter 10
Chapter 11
Chapter 12
Chapter 13
Chapter 14
Chapter 15
Chapter 16
Chapter 5 →
1
Konsidere nou menm lidè yo tankou moun ki la pou sèvi Kris la, moun ki responsab pou fè konnen verite Bondye a bay moun ki pa ko konnen.
2
An reyalite, sèl sa yo mande moun ki gen responsablite sa a, se pou l yon moun fidèl.
3
Sou pwen sa a, mwen pa bay okenn valè swa ak jijman pa nou oswa jijman yon tribinal. Menm pwòp jijman pa m mwen pa bay valè.
4
Konsyans mwen klè, menmsi sa pa vle di m inosan pou sa. Se Senyè li menm k ap fè jijman an.
5
Se poutèt sa m ap mande nou: pa kouri jije pèsonn anvan lè. Senyè a gen pou l vini. Se li menm k ap devwale tout sa ki fènwa. Se li ki gen pou mete deyò tout sekrè ki kache nan fon kè. Lè sa a se Bondye li menm k ap bay chak moun louwanj yo merite.
6
Frè m ak sè m yo, mwen pran egzanp sou mwen ak Apolòs pou nou ka byen pran sans pwovèb la ki di: “Pa mete pase genyen sou sa Bib la di.” Lè kon sa nou p ap kite lògèy anvayi nou pou n ap pran pati pou yon nonm kont yon lòt.
7
Ki sa k fè w panse w siperyè a lòt moun? Ki sa w genyen se pa ba ou yo te ba ou l? Nan ka sa a, poukisa w ap frape lestomak kòmsi se pa t ba ou yo te ba ou l?
8
Nou met nan tèt nou, nou pa manke anyen. Nou met nan tèt nou nou rich. Nou met nan tèt nou nou se wa. M vrèman swete nou te wa toutbon vre, kon sa nou men apot nou ta wa tou.
9
Men gen lè Bondye mete mwen menm avèk lòt apot an dènye. Nou tankou prizonye yo kondane amò y ap fè fè parad non sèlman devan lèzòm men devan anj yo tou.
10
Nou fou pou Kris, men ou panse w saj nan Kris. Nou fèb, men ou santi w tèlman fò. Yo ba w anpil respè, men nou menm yo meprize nou.
11
Jouk jodi a, nou pa gen ase pou n manje oswa bwè. Nou pa gen ase rad pou n mete. Yo maltrete nou. Nou pa ka rete yon sèl kote.
12
N ap kraze kò nou nan travay ak men nou pou nou ka jwenn dekwa pou n manje. Lè moun joure nou, nou swete byen pou yo. Lè moun fè nou soufri, nou sipòte.
13
Lè moun pale nou mal, nou reponn ak dousè. Poutan jouk jodi a yo konsidere nou tankou dechè, tankou fatra nan mond la y ap bale jete.
14
Mwen p ap ekri nou pou m fè nou wont, men m vle ede nou chanje fason n ap panse, tankou pitit mwen renmen anpil.
15
Menmsi nou ta gen dimil pwofesè nan Kris, se yon sèl papa nou genyen. Mwen tounen papa pou nou, lè m te pote Levanjil la ba nou.
16
Konsa m ap sipliye nou pou nou swiv egzanp mwen!
17
Se poutèt sa m ap voye Timote lakay nou. Li se yon pitit mwen renmen anpil. Se yon pitit ki fidèl nan jan l ap viv pou Senyè a. Li a fè nou sonje tout prensip lavi m menm jan mwen anseye l nan tout legliz kote m pase.
18
Gen kèk moun ki panse mwen p ap janm tounen Korent. Epi y ap fè lwanj pou tèt yo.
19
Si Bondye vle, mwen p ap pran lontan pou m vini wè nou. Lè sa a m a konnen si moun sa yo ka fè yon bagay valab oswa si se bèl pawòl ase yo genyen.
20
Wayòm Bondye a se pa afè bèl pawòl men se puisans ki konte.
21
Ki sa n pito? Mache ak yon fwèt lè m ap vini oubyen vini ak dousè epi amou?
← Chapter 3
Jump to:
Chapter 1
Chapter 2
Chapter 3
Chapter 4
Chapter 5
Chapter 6
Chapter 7
Chapter 8
Chapter 9
Chapter 10
Chapter 11
Chapter 12
Chapter 13
Chapter 14
Chapter 15
Chapter 16
Chapter 5 →
All chapters:
1
2
3
4
5
6
7
8
9
10
11
12
13
14
15
16