bible
ra
🌐 Language
English
Español
Français
Deutsch
Português
Italiano
Nederlands
Русский
中文
日本語
한국어
العربية
Türkçe
Tiếng Việt
ไทย
Indonesia
All Languages
Home
/
Haitian
/
Haitian BSA (Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen) 2023
/
Genesis 25
Genesis 25
Haitian BSA (Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen) 2023
← Chapter 24
Jump to:
Chapter 1
Chapter 2
Chapter 3
Chapter 4
Chapter 5
Chapter 6
Chapter 7
Chapter 8
Chapter 9
Chapter 10
Chapter 11
Chapter 12
Chapter 13
Chapter 14
Chapter 15
Chapter 16
Chapter 17
Chapter 18
Chapter 19
Chapter 20
Chapter 21
Chapter 22
Chapter 23
Chapter 24
Chapter 25
Chapter 26
Chapter 27
Chapter 28
Chapter 29
Chapter 30
Chapter 31
Chapter 32
Chapter 33
Chapter 34
Chapter 35
Chapter 36
Chapter 37
Chapter 38
Chapter 39
Chapter 40
Chapter 41
Chapter 42
Chapter 43
Chapter 44
Chapter 45
Chapter 46
Chapter 47
Chapter 48
Chapter 49
Chapter 50
Chapter 26 →
1
Alò, Abraham te pran yon lòt madanm, ki te rele Ketura.
2
Li te fè pou li Zimran, Jokschan, Madian, Jischbak, avèk Schuach.
3
Jokschan te vin papa a Séba avèk Dedan. Epi fis Dedan yo te Aschurim, Letuschim, avèk Leummim.
4
Epi fis a Madian yo te Épha, Epher, Hénoc, Abida, avèk Eldaa. Tout sa yo se te fis a Ketura yo.
5
Alò Abraham te bay tout sa li te posede a Isaac;
6
men a fis a fanm konkibin yo, li te bay yo kado pandan li te toujou ap viv la, e li te voye yo lwen fis li a vè lès, nan peyi lès la.
7
Sa yo se tout ane lavi ke Abraham te viv, san-swasann-kenz ane.
8
Abraham te respire dènye souf li. Li te mouri yon granmoun byen mi, e li te byen satisfè avèk lavi. Konsa, li te vin ranmase vè pèp li.
9
Fis li yo, Isaac avèk Ismaël te antere li nan kav Macpéla a, nan chan Ephron an, fis Tsochar, Etyen an, anfas Mamré,
10
chan ke Abraham te achte nan men fis a Heth yo. La, Abraham te antere avèk madanm li, Sarah.
11
Li te vin rive apre mò Abraham nan, ke Bondye te beni fis li a, Isaac, epi Isaac te viv toupre Lachaï-roi.
12
Alò, sa yo se achiv a desandan a jenerasyon Ismaël yo, fis Abraham nan, ke Agar, Ejipsyen an, sèvant a Sarah a, te fè ak Abraham;
13
epi sa yo se non fis Ismaël yo, selon non yo, nan lòd nesans pa yo: Nebajoth, premye ne a Ismaël la, Kédar, Adbeel, Mibsam,
14
Mischma, Duma, Massa,
15
Hadad, Théma, Jethur, Naphisch avèk Kedma.
16
Sila yo se fis Ismaël yo e sa se non yo, pa vil, e pa anplasman yo; douz prens yo selon tribi pa yo.
17
Sa yo se lane lavi Ismaël yo, san-trant-sèt ane. Li te respire dènye souf li, e li te mouri, epi yo te ranmase li vè pèp li.
18
Yo te deplase soti nan Havila jis rive nan Schur ki nan kote lès Égypte lè yon moun ap pwoche Assyrie; li te rete la malgre sa te fè ènmi avèk tout paran li yo.
19
Alò, sa yo se achiv jenerasyon ki swiv Isaac yo, fis Abraham nan: Abraham te vin papa Isaac.
20
Lè Isaac te gen laj karant ane, li te pran Rebecca, fi Bethuel la, Araméen an nan kote Paddan-Aram, sè Laban an, Araméen an, pou vin madanm li.
21
Isaac te priye a SENYÈ a anfavè madanm li, akoz li te esteril. Konsa, SENYÈ a te reponn li, e Rebecca, madanm li an te vin ansent.
22
Men pitit yo te an konfli anndan vant li. Li te di: “Si se sa, poukisa mwen viv?” Li te ale mande a SENYÈ a.
23
SENYÈ a te di li: “ Gen de nasyon nan vant ou. De pèp va vin separe sòti nan vant ou. Yon pèp va pi pwisan ke lòt la. Pi gran an va sèvi pi jèn nan.”
24
Lè jou li yo pou akouche te rive, gade, te gen jimo nan vant li.
25
Premye a te vin parèt byen wouj. Li te kouvri toupatou tankou yon rad ki plen plim sou li. Yo te nonmen li Ésaü.
26
Apre, frè li a te vin parèt avèk men li ki t ap kenbe talon pye a Ésaü. Akoz sa yo te rele li Jacob. Isaac te gen swasant ane lè madanm li te bay nesans a yo.
27
Lè gason sa yo te grandi, Ésaü te vin fò nan lachas, yon nonm ki fèt pou chan a. Men Jacob te yon nonm byen trankil, ki te viv nan tant.
28
Alò, Isaac te renmen Ésaü akoz ke li te gen yon gou pou vyann bèt sovaj, men Rebecca te renmen Jacob.
29
Lè Jacob te fin kwit yon soup, Ésaü te vin antre pandan li t ap kite chan an, e li te grangou anpil.
30
Konsa, Ésaü te di Jacob: “Souple, ban m goute bagay wouj sa ki la a, paske mwen grangou anpil.” Se pou sa yo te rele non li Edom.
31
Men Jacob te di: “Premyeman vann mwen dwa nesans ou an.”
32
Ésaü te di: “Gade byen, mwen prèt pou mouri, e konsa pou ki bagay yon eritaj ap sèvi mwen?”
33
Jacob te di: “Premyeman, sèmante ban mwen.” Li te sèmante ba li. Li te vann dwa nesans li an bay Jacob.
34
Jacob te bay Ésaü pen avèk yon soup pwa. Li te manje e bwè, e li te leve al fè wout li. Konsa Ésaü te vin rayi dwa nesans li an.
← Chapter 24
Jump to:
Chapter 1
Chapter 2
Chapter 3
Chapter 4
Chapter 5
Chapter 6
Chapter 7
Chapter 8
Chapter 9
Chapter 10
Chapter 11
Chapter 12
Chapter 13
Chapter 14
Chapter 15
Chapter 16
Chapter 17
Chapter 18
Chapter 19
Chapter 20
Chapter 21
Chapter 22
Chapter 23
Chapter 24
Chapter 25
Chapter 26
Chapter 27
Chapter 28
Chapter 29
Chapter 30
Chapter 31
Chapter 32
Chapter 33
Chapter 34
Chapter 35
Chapter 36
Chapter 37
Chapter 38
Chapter 39
Chapter 40
Chapter 41
Chapter 42
Chapter 43
Chapter 44
Chapter 45
Chapter 46
Chapter 47
Chapter 48
Chapter 49
Chapter 50
Chapter 26 →
All chapters:
1
2
3
4
5
6
7
8
9
10
11
12
13
14
15
16
17
18
19
20
21
22
23
24
25
26
27
28
29
30
31
32
33
34
35
36
37
38
39
40
41
42
43
44
45
46
47
48
49
50