bible
ra
🌐 Language
English
Español
Français
Deutsch
Português
Italiano
Nederlands
Русский
中文
日本語
한국어
العربية
Türkçe
Tiếng Việt
ไทย
Indonesia
All Languages
Home
/
Haitian
/
Haitian BSA (Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen) 2023
/
Genesis 4
Genesis 4
Haitian BSA (Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen) 2023
← Chapter 3
Jump to:
Chapter 1
Chapter 2
Chapter 3
Chapter 4
Chapter 5
Chapter 6
Chapter 7
Chapter 8
Chapter 9
Chapter 10
Chapter 11
Chapter 12
Chapter 13
Chapter 14
Chapter 15
Chapter 16
Chapter 17
Chapter 18
Chapter 19
Chapter 20
Chapter 21
Chapter 22
Chapter 23
Chapter 24
Chapter 25
Chapter 26
Chapter 27
Chapter 28
Chapter 29
Chapter 30
Chapter 31
Chapter 32
Chapter 33
Chapter 34
Chapter 35
Chapter 36
Chapter 37
Chapter 38
Chapter 39
Chapter 40
Chapter 41
Chapter 42
Chapter 43
Chapter 44
Chapter 45
Chapter 46
Chapter 47
Chapter 48
Chapter 49
Chapter 50
Chapter 5 →
1
Alò, lòm nan te vin nan relasyon avèk madanm li, Ève. Li te vin ansent e li te vin kouche fè Cain. Konsa, li te di: “Mwen gen tan fè yon ti nonm avèk èd SENYÈ a:”
2
Ankò, li te bay nesans a frè li, Abel. Epi Abel se te yon bèje bann mouton, men Cain t ap laboure tè a.
3
Li te vin rive pi devan ke Cain te pote yon ofrann bay SENYÈ a, ki sòti nan fwi rekòlt tè a.
4
Abel, osi, sou pati pa l te pote nan premye pòtre twoupo, e nan pòsyon pi gra a nan yo. Konsa, SENYÈ a te kontan pou Abel avèk ofrann pa l la,
5
men pou Cain, avèk ofrann pa li a, Li pa t kontan. Alò, Cain te vin byen fache, e figi li te vin ba.
6
Alò, SENYÈ a te di a Cain: “ Poukisa ou fache konsa? Epi poukisa figi ou vin ba konsa?
7
Si ou fè sa ki bon èske figi ou p ap leve ankò? Epi si ou pa fè sa ki bon, peche ap kouche devan papòt ou. Dezi li se pou ou, men ou oblije vin mèt li.”
8
Cain te di frè l la, Abel, “An ale nan chan.” Epi li te vin rive ke pandan yo te nan chan an, Cain te leve kont Abel, frè l la, e li te touye li.
9
Alò, SENYÈ a te di a Cain: “ Kote frè ou a, Abel?” Epi li te di: “Mwen pa konnen. Èske mwen se gadyen frè m nan?”
10
Li te di: “Kisa ou te fè la a? Vwa san a frè ou a ap rele ban Mwen sòti nan tè a.
11
Koulye a ou modi, soti nan tè a, ki te ouvri bouch li pou resevwa san Abel nan men ou an.
12
Depi koulye a, lè ou kiltive tè a, li p ap bay ou fòs li ankò. Ou va vin yon vagabon k ap mache toupatou sou latè.”
13
Cain te di a SENYÈ a: “Pinisyon mwen an twò di pou m sipòte!
14
Byen gade! Jodi a ou gen tan pouse m kite sifas tè a. Konsa, fas ou p ap wè m; mwen va vin yon vagabon k ap plede mache toupatou sou latè, e nenpòt moun ki jwenn mwen va touye m.”
15
Alò, SENYÈ a te di li: “Pou sa, nenpòt moun ki touye Cain, vanjans va tonbe sou li sèt fwa plis.” Epi SENYÈ a te chwazi yon sign pou Cain, dekwa ke pèsòn ki jwenn li pa ta touye l.
16
Konsa, Cain te sòti de prezans SENYÈ a, e li te al rete sou teren Nod nan pati lès Eden an.
17
Cain te antre an relasyon avèk madanm li. Li te vin ansent, e li te bay nesans a Hénoc; epi li te bati yon vil. Li te bay vil la non Henoc, menm non ak fis li a.
18
Alò, Hénoc te fè Irad, e Irad te devni papa a Mehujaël, Mehujaël te vin papa a Metuschaël, e Metuschaël te vin papa a Lémec.
19
Lémec te pran pou li de madanm: youn yo te rele Ada, e non a lòt la se te Tsilla.
20
Ada te bay nesans a Jabal. Li te papa a tout sila ki te rete nan tant yo, e ki te okipe bèt yo.
21
Frè li a te rele Jubal. Li te papa a tout sila ki te jwe ap avèk shaloumo yo.
22
Epi pou Tsilla, li te bay nesans a Tubal-Cain, yon bòs fòjewon ki fè zouti avèk bwonz ak fè. Sè a Tubal Cain an se te Naama.
23
Lémec te di a madanm li yo: “Ada avèk Tsilla, koute vwa m. Nou menm ki madanm a Lémec yo; byen okipe pawòl mwen. Paske mwen te touye yon mesye akoz ke li blese m; e yon gason akoz li frape m.
24
Si Cain vanje sèt fwa, alò Lémec swasann-dis-sèt fwa.”
25
Adam te antre an relasyon ankò avèk madanm li, epi li te bay nesans a yon fis. Li te rele li Seth, paske li te di “Bondye te chwazi ban mwen yon lòt fis nan plas Abel, paske Cain te touye li”.
26
Pou Seth, li menm, li te bay nesans a yon fis, epi li te rele non li Énosch. Nan lè sa a, lèzòm te kòmanse ap rele non SENYÈ a.
← Chapter 3
Jump to:
Chapter 1
Chapter 2
Chapter 3
Chapter 4
Chapter 5
Chapter 6
Chapter 7
Chapter 8
Chapter 9
Chapter 10
Chapter 11
Chapter 12
Chapter 13
Chapter 14
Chapter 15
Chapter 16
Chapter 17
Chapter 18
Chapter 19
Chapter 20
Chapter 21
Chapter 22
Chapter 23
Chapter 24
Chapter 25
Chapter 26
Chapter 27
Chapter 28
Chapter 29
Chapter 30
Chapter 31
Chapter 32
Chapter 33
Chapter 34
Chapter 35
Chapter 36
Chapter 37
Chapter 38
Chapter 39
Chapter 40
Chapter 41
Chapter 42
Chapter 43
Chapter 44
Chapter 45
Chapter 46
Chapter 47
Chapter 48
Chapter 49
Chapter 50
Chapter 5 →
All chapters:
1
2
3
4
5
6
7
8
9
10
11
12
13
14
15
16
17
18
19
20
21
22
23
24
25
26
27
28
29
30
31
32
33
34
35
36
37
38
39
40
41
42
43
44
45
46
47
48
49
50